Skip to main content

Ouça o Yewe Ayiti: poesia haitiana em Kreyòl

Nan yon tan kote anpil lòt jenn moun san prestij, san valè kiltirèl e entèlektyèl, san idantite alevwa pou yo ta gen yon ti gout patriyotism nan san yo, ap ranse pè di yo se Ayisyen gen yon gwoup jenn nan Chikago nan Eta Ilinwa, peyi Etazini ki deside mete sou pye yon twoup teyatral yo batize l Yewe Ayiti, Akademi T-Yat. Misyon yo se fe pwomosyon kilti lakay, lanng Kreyòl, sansibilize ak motive Ayisyen pou ede yo reflechi, bati ak sekirize yon idantite ki pwòp ak tèt yo; yo vle bay kominote dyaspora a jarèt ak sipò atravè pwezi, pawòl, T-Yat, ekriti, listwa, Ar ak literati.

Videyo sa se yon ti kal nan yon prezantasyon enfòmèl yo te fè nan lakou Chicago nan okazyon fèt drapo ayisyen, nan lokal inivèsite Kolèj Malkòm X (Malcolm X College). Yewe Ayiti gen ladan li 4 manm aktif ki se: Vye vye (Ewòl Sen-Lwi), Gwojan (Jan Enòk Senka), Mari Mika Dori, ak Danyèl. Gen nan yo se dansè, jounalis, entèlektyèl, ekriven, atis tout kalte plim ak plimaj ki deside mete men nan pat la pou bay Ayiti yon ti bourad. Yo fè plizyè pèfòmans deja nan Eta Ilinwa a tankou nan Alyans Fransè a (Alliance Française) –kote yo te lanse yo nan okazyon Jounen Ayiti-Frankofoni–, yo te jwe nan plizyè manifestasyon kiltirèl e relijye, yo jwe nan Konvasyon Sou Doub-Nasyonalite a ki te fèt nan Sant Levi (Levi Center) nan Evennstonn, Ilinwa (Evanston, Illinois) e yo te pèfòme nan okazyon Seremoni Bwa Kay Iman ak nan okazyon konferans Miland Maniga te vin fè 2 semenn pase a la. Gad videyo a! Pa vin ranse la non!

Aktyèlman yap prepare yon espektak pou lansman ofisyèl twoup la nan kòmansman mwa septann lan (2008) nan Chikago. Pou plis enfòmasyon ale sou sit yo a nan adrès sa.

 

Ouça poesia haitiana: https://www.youtube.com/watch?v=NHlNwp9qPbU&fbclid=IwAR3Dq-PA_F98dtiO2s8df0kr2A3_Rd5x1d8pz_tv6u1jT-uOQ6QRwZUZbO8